Règ Defi & Prim
Règ sa yo fèt pou bay tout moun yon eksperyans klè, jis ak sekirize.
Dènye mizajou: 15 septanm 20261. Antre nan yon defi
Chak defi montre frè antre, kantite kesyon, kantite tantativ, prim ak lòt kondisyon ki aplikab. Pèman valide obligatwa pou defi peye yo; sèlman preview 5 kesyon an disponib gratis.
2. Tantativ
Kantite tantativ platfòm nan montre a se yon maksimòm ki disponib sèlman toutotan jwè a poko genyen. Depi jwè a genyen sou nenpòt tantativ, tout lòt tantativ nòmal oswa bonus pou menm defi a fèmen epi yo pa afiche ankò. Si jwè a pèdi, li ka itilize tantativ nòmal ki rete yo. Si jwè a rive ant 92% ak mwens pase 96% san li pa genyen, platfòm nan ba li yon sèl chans bonus pou repase defi a. Chans bonus sa a disponib yon sèl fwa pou menm defi a. Pa rafrechi, manipile navigatè a oswa itilize zouti pou kontoune limit tantativ yo.
3. Kondisyon pou genyen
96% oswa plis = genyen. Chak jwè jwe poukont li; rezilta lòt moun pa gen okenn efè sou rezilta li. Pou Defi 25, 24/25 oswa 25/25 bay prim nan. Pou Defi 50, 48/50 oswa plis bay prim nan. Pou Defi 100, 96/100 oswa plis bay prim nan.
3.1. Chans bonus 92%
Si yon jwè pa rive 96% men li fè omwen 92%, li resevwa yon sèl chans bonus pou repase menm defi a san yon nouvo frè antre. Ekivalans prensipal yo se: 23/25 pou Defi 25, 46/50 oswa 47/50 pou Defi 50, epi 92/100 rive 95/100 pou Defi 100. Chans bonus la pa akimile epi li disponib yon sèl fwa pou menm defi a.
4. Kategori kesyon yo
Kategori jwè a chwazi pou defi a se kategori sistèm nan dwe itilize pou kesyon tantativ sa a. Yon Defi 25 dwe bay 25 kesyon nan kategori chwazi a. Si kategori a pa gen ase kesyon disponib pou kantite defi a mande a, sistèm nan ka mande jwè a chwazi yon lòt kategori olye li diminye kantite kesyon an.
5. Gayan endividyèl
Yon jwè ki rive omwen 96% vin gayan otomatikman dapre rezilta ki anrejistre sou sèvè a, san konparezon ak okenn lòt jwè. Prim lan antre nan pwosesis verifikasyon ak peman.
6. Verifikasyon rezilta
Lè sistèm nan anrejistre omwen 96% bon repons, jwè a make kòm gayan. Anvan prim lan voye, Konesans Lakay ka verifye tantativ la, kont lan, pèman an ak siy teknik anti-fwod. Verifikasyon sa a pa mete gayan an an konpetisyon ak lòt moun; li sèvi sèlman pou konfime rezilta a te jwenn selon règ yo.
7. Fwod ak anilasyon prim
Bot, scripts, plizyè kont pou kontoune limit, pataj oswa jwenn repons pandan yon defi, eksplwatasyon bug, manipilasyon rezo oswa sistèm, fo idantite oswa lòt avantaj ki pa otorize ka lakòz anilasyon tantativ la oswa prim lan apre verifikasyon.
8. Pèman prim
Apre rezilta gayan an fin verifye epi enfòmasyon pou resevwa lajan an konfime, prim nan nòmalman voye nan 24 a 48 èdtan. Itilizatè a responsab pou bay yon nimewo oswa kont pèman ki valab. Reta ki soti bò founisè pèman, rezo oswa lòt sèvis ekstèn ka afekte lè lajan an parèt sou kont la.
9. Ensidan teknik
Si gen yon pann platfòm ki verifyab epi ki afekte entegrite yon defi, Konesans Lakay ka anile tantativ ki afekte a, retabli yon tantativ oswa pran yon lòt mezi korektif ki jis. Pwoblèm aparèy, batri, koneksyon oswa navigatè itilizatè a pa garanti yon nouvo tantativ.